Èd pou Gwosès Gratis & Sipò nan ka Ijans atravè Florid

Konsiltasyon Gwosès ak Sèvis Tès Gratis
Chak sant ki nan Pwogram Sèvis Sipò Gwosès Florid la ofri:
- Tès gwosès gratis e konfidansyèl
- Soutyen Sikolojik pwofesyonèl pou kriz gwosès
- Klas edikatif global pou paran
- Sèvis sipò kontinyèl pandan gwosès
Rezo sant èd pou gwosès nou an atravè Florid bay sipò ak anpil konpasyon pou fanm ki ansent, kit se yon gwosès planifye ou pa. Chak randevou ak doktè pou gwosès enkli ladan l tan avèk pwofesyonèl ki bay swen epi ki ap ede ou konprann tout opsyon ou yo.
Swen Sante pou Fanm & Sèvis Byennèt
Anplis sipò pou kriz gwosès, nou ofri sèvis sante adisyonèl pou fanm ki kalifye:
- Egzamen anyèl byennèt pou fanm
- Tès ak edikasyon sou MST (Maladi Sèksyèlman Transmisib)
- Egzamen sante prevantif
- Konsiltasyon medikal konfidansyèl



Resous Gratis pou Grossès
Tout sant nou yo ofri sipò pandan tout peryòd grossès ou:
- Konsèy
- Klas ak Edikasyon pou Paran
- Kouche gratis ak fòmil, ansanm ak lòt founiti pou tibebe

Sèvis Byennèt
- Egzamen byennèt gratis pou fanm
- Tès ITS ak MST gratis
- Egzamen tete ak Pap Tès
Swèn Ekspè Lè Ou Plis Bezwen Li
Pwogram Sèvis Sipò Gwosès Florid la asire ke ou jwenn aksè a swen bon kalite atravè gwo rezo klinik asistans pou gwosès nou yo.
Fè Yon Diferans Nan Kominote Nou
“Mwen rekonesan anpil pou tout sa mwen te aprann nan klas sa yo. Mwen te panse mwen te deja konnen tout bagay mwen te bezwen konnen jiskaske mwen vin isit la.”
– Yon kliyan Pregnancy Care Center ki Plant City a
Nou Pare pou Ede 24/7
Twa fason fasil pou jwenn sipò imedyat:
- Liy èd konfidansyèl: (866) 673-4673
- Fòm kontak sou entènèt anba a
- Vizite klinik asistans pou gwosès lokal la
W ap chèche yon kote pou fè tès gwosès toupre ou? Jwenn sant ki pi pre ou jodi a pou tès gwosès gratis ak sèvis sipò pou kriz.
Florida Pregnancy Support Services enterese ak sante e sekirite kliyan nou yo. Sant patnè nou yo louvri epi y ap swiv direktiv ak pwotokòl CDC yo. Si ou santi ou gen sentòm COVID-19 tankou lafyèv, tous oubyen difikilte pou respire, kontakte doktè prensipal ou a imedyatman.