Hey manman! Donk, ou gen yon ti pitit ki nan wout—sa se yon gwo plezi! Mwen sonje lè mwen te ansent, e kite m di w, se te yon yon kas tèt chinwa. Bèl? Wi, san dout! Men li gen defi tou, nan fason ou pa panse. Se poutèt sa m ap pataje kèk konsèy sou fason pou pran swen tèt ou—paske pran swen tèt ou se pa sèlman yon bagay ki bèl, li nesesè, ni pou ou ni pou ti bebe w la. Ann pale de nitrisyon, mouvman pridan, sante mantal, jesyon estrès, ak swen medikal ki ka ede w byen viv moman gwosès sa a.
1. Nouri Bèl Kò sa (ak Ti bebe a!)
Kò w ap fè yon bagay ekstraòdinè kounye a, e li bezwen tout bon bagay yo! Men sa ki mache pou mwen ak anpil lòt manman:
- Manje anpil pwoteyin tankou poul, pwason, oubyen pwa (si ou vejetaryen)—ti bebe w la ap remèsye w!
- Chwazi sereyal antye pou w jwenn enèji ki dire lontan (paske fatig gwosès, REYÈL!)
- Fwi ak legim fre se pi bon zanmi w pou jwenn vitamin—menm si gen de jou se sèlman krèm ou vle manje
- Pa neglije lèt oubyen lòt altènativ ki ranfòse ak kalsyòm—zo w bezwen sa!
- Grès ki bon pou sante, tankou sa ki soti nan zaboka ak nwa ap ede sèvo ti bebe a devlope (epi yo gen bon gou tou!)
E tanpri, tanpri, TANPRI bwè dlo! Omwen uit vè pa jou. Mwen te konn mache avèk yon bèl ti boutèy dlo toupatou pou m sonje. Si ou bezwen plis konsèy pèsonalize, pale ak yon pwofesyonèl sante oubyen yon nitrisyonis ki espesyalize nan gwosès.
2. Kontinye Bouje (Men Dousman!)
Mwen konnen gen jou leve sou kanape a sanble se yon maraton—men kwè m —mouvman regilye fè GWO diferans. Li ka soulaje doulè gwosès yo, ogmante imè ou, epi ede w santi w plis tankou ou menm. Eseye:
- Mache nan katye a (sa bon pou respire lè fre epi debarase lespri w)
- Yoga pou fanm ansent (bon pou fleksibilite epi respirasyon pwofon e kalman)
- Naje (se tankou ou nan syèl lè w ap pote tout pwa sa yo)
- Egzèsis lejè pou ranfòse misk ou ak kenbe yo an sante
Toujou tande kò w! Si w santi ou pa alèz, pa fòse. E si w pa fin konnen ki egzèsis ki an bon pou ou, chèche yon antrenè ki konprann bezwen sipò fanm ansent.
3. Sante Mantal Ou Enpòtan Tou, Manman
Ann pale klè—òmòn gwosès ka fè w santi w pa estab emosyonèlman. Yon moman ou ap kriye devan yon piblisite, lòt la ou ap reòganize chanm ti bebe a a 2 è dimaten. Tout sa se bagay nòmal, men pran swen sante mantal ou enpòtan menm jan ak pran vitamin prenatal yo. Eseye:
- Pran senk minit pou medite oubyen respire a fon lè w santi w twò chaje
- Rete konekte ak lòt fiti manman ki konprann sa w ap viv la
- Pran tan pou bagay ki fè w kontan—li , fè atizana, oubyen gade emisyon prefere w la
- Pale ak yon pwofesyonèl si estrès oubyen kè sote ap pran tèt ou
Gen anpil sèvis byennèt pou fanm ki ofri gwoup sipò ak konsèy espesyalman pou fanm ansent. Pa neglije chèche èd!
4. Pa Kite Estrès Gouvène (Wi, Sa Posib!)
Mwen konnen li pi fasil pou di ke pou fè, sitou lè ou ap grandi yon ti moun andedan ou! Men anpil estrès pa bon ni pou ou ni pou ti bebe w la, kidonk ann chèche fason pou bese nivo estrès la:
- Kreye yon woutin pou dòmi pou ede ou detann ou (ensomni pandan gwosès pa yon bagay fasil!)
- Mete limit ak moun oubyen sitiyasyon ki mete ou anba presyon (se bon moman pou aprann di “non”)
- Kòmanse yon jounal gratitid—komsantre sou yon bagay pozitif chak jou
- Mande èd! Vrèman. Ou pa oblije fè tout bagay poukont ou
Pran tan pou tèt ou pa vle di ou egoyis, sa nesesè. Ti bebe w la bezwen yon manman k ap pran swen tèt li tou!
5. Pa Rate Randevou Medikal Ou yo
Vizit medikal regilye se pi bon zanmi w pandan gwosès. Yo ede asire tout bagay ap mache byen epi yo bay lapè nan tèt ou. Asire w ke ou:
- Kenbe tout randevou prenatal ou yo (menm lè ou santi w anfòm)
- Pran vitamin prenatals ou chak jou (mete yon rapèl sou telefòn si sa nesesè!)
- Pale klè ak founisè swen sante ou sou nenpòt enkyetid ou genyen
- Rete ajou ak vaksen ak egzamen w dwe fè yo
Bon swen sante se yon pati esansyèl nan sipò pou gwosès, epi ou merite meyè swen pou ou menm ak tibebe ou. Si ou bezwen èd, kòmanse la.
Ou ka fè sa!
Chak gwosès inik, e pa w la gen valè pa li. Lè w pran swen nitrisyon ou, rete aktif, pwoteje sante mantal ou, jere estrès, epi mete swen medikal kòm yon priyorite, ou ap mete tèt ou sou wout pou gen yon gwosès ki pi an sante e ki bay plis kè kontan.
Si ou bezwen plis sipò pèsonalize pandan gwosès ou, kontakte liy asistans nou ki ouvè 24 sou 24. Ou ka rele, voye mesaj, oubyen itilize bouton tchat la ki anba, adwat sou ekran an. (Nou gen sèvis gratis ki disponib pou ou si ou bezwen yo!) Sonje, pran swen tèt ou se pa yon liks—se yon pati esansyèl nan preparasyon pou bèl vwayaj matènite ki devan ou.
Kounye a, al bwè yon ti dlo epi mete pye w anlè. Ou merite sa! E si ou bezwen plis sipò pandan gwosès ou, kontakte liy asistans konfidansyèl nou an. Yo disponib 24 sou 24 pou ede w. Ou ka rele, voye mesaj, oubyen itilize chat la.

