Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

7 Sentòm Gwosès Ki Pi Komen

Sentòm gwosès yo ka varye de yon fanm a yon lòt. Gen kèk fanm ki gen kèk sentòm sèlman, pandan lòt yo ka santi anpil sentòm .

Yon sèl sentòm gwosès pa sifi pou di ou ansent, men si w gen plis pase youn epi ou panse ou ta ka ansent, ou ta dwe fè yon tès pou konfime.

1. Reg pa parèt – Reg ki pa vini a tan se premye siy gwosès pou anpil fanm. Lè yon gwosès fenk kòmanse, li lage òmòn pou di kò w li bezwen sipò. Òmòn sa yo fè matris la sispann lage rèl li, sa ki lakoz ou pa gen reg.

Men, chanjman pwa, estrès, oubyen lòt chanjman òmòn kapab lakòz reg la pa vini tou.

2. Noze, ak/san vomisman – Òmòn gwosès yo ki ap chanje ka bay sansasyon kè plen, yo rele li “maladi maten”, men li ka rive nenpòt lè nan jounen an. Se pa tout fanm ansent ki soufri de sa.

Noze ka gen anpil lòt koz tou apa gwosès, tankou grip oubyen anksyete.

3. Fatig – Pandan premye trimès la, anpil fanm santi yo fatige kòm yon efè segondè gwosès la. Nivo projestewòn (yon òmòn ki ogmante pandan gwosès) ka fè ou santi w fatige.

Men, gen lòt bagay ki ka lakoz ou fatige tou, tankou pa dòmi ase.

4. Tete ki sansib epi gonfle – Sa a se yon lòt efè òmòn ki ap chanje nan kò ou. Tete ki vin sansib ka yon siy gwosès.

Men, sentòm sa a pa ase pou predi ou ansent, paske anpil fanm santi tete yo sansib ak anfle avan règ yo vini.

5. Pipi souvan – Pandan gwosès, volim san ou ogmante. Sa vle di ren ou ap travay plis pou filtre san an, sa ki lakoz ou bezwen pipi pi souvan.

Menm jan an tou, pipi souvan ka soti nan lòt kòz tankou enfeksyon nan aparèy urinè, kidonk li pa yon endikatè gwosès ki serye.

6. Chanjman imè – Òmòn gwosès yo souvan lakoz chanjman imè. Li nòmal pou ou santi ou pase rapidman soti nan yon santiman ale nan yon lòt oubyen pou ou santi emosyon yo pi fò pase nòmal.

Menm jan ak lòt sentòm yo, chanjman imè yo ka rive akoz chanjman òmòn regilye pandan sik menstriyèl, kidonk li pa toujou yon siy gwosès.

7. 6. Vant gonfle – Yon lòt fwa ankò, òmòn yo responsab sentòm sa a. Vant gonfle se lè ou santi vant ou plen.

Menm jan ak lòt sentòm gwosès yo, vant gonfle pa ase pou di ou ansent, paske gen lòt bagay ki ka lakoz sa. Li ka rive tou anvan règ ou kòmanse.

Tès Gwosès

Piske sentòm gwosès yo ka koresponn ak lòt bagay tou, ou pa ta dwe mete konfyans sèlman nan yo pou konfime ou ansent. Si ou panse gen posibilite ou ansent, ou ta dwe fè yon tès gwosès.

Pou gen rezilta ki pi egzak, fè tès la yon semèn aprè règ pa vini, epi swiv tout enstriksyon ki vini ak tès gwosès lakay ou a.

Ki Sa Pou Fè Apre Sa

Pou jwenn yon tès gwosès gratis ak yon iltrason pou konfime, sèvi ak rechèch lokalizasyon pou jwenn yon sant gwosès tou pre ou. Rezilta ou yo ap egzak epi konfidansyèl.

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.