{"id":3960,"date":"2023-06-23T05:31:03","date_gmt":"2023-06-23T05:31:03","guid":{"rendered":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/2023\/06\/23\/kisa-gason-ka-fe-le-gen-yon-gwoses-ki-pa-t-planifye\/"},"modified":"2026-02-20T19:00:17","modified_gmt":"2026-02-20T19:00:17","slug":"kisa-gason-ka-fe-le-gen-yon-gwoses-ki-pa-t-planifye","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/2023\/06\/23\/kisa-gason-ka-fe-le-gen-yon-gwoses-ki-pa-t-planifye\/","title":{"rendered":"Kisa Gason Ka F\u00e8 L\u00e8 Gen yon Gwos\u00e8s Ki Pa t Planifye?"},"content":{"rendered":"\n<p>Yon gwos\u00e8s ki pa t planifye ka f\u00e8 w santi tout bagay nan lavi w san kontw\u00f2l. Toudenkou, ou pa s\u00e8ten ki jan lavni ou pral ye, ni kijan w ap pouswiv objektif ou yo. Menm si ou pa ka kontwole sitiyasyon an, ou ka kontwole fason ou jere sitiyasyon an. F\u00e8 ef\u00f2 pou rete trankil epi soutni patn\u00e8 ou pandan tan sa a.   <\/p>\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\">Kijan Ou Ka Ede<\/h2>\n\n<p>Anplis boulv\u00e8s emosyon\u00e8l ki ka vini ak yon gwos\u00e8s ki pa planifye, patn\u00e8 ou ka ap lite tou ak <a href=\"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/2023\/03\/27\/7-sentom-gwoses-ki-pi-komen\/\">sent\u00f2m gwos\u00e8s<\/a> ki kite l av\u00e8k fatig, mal\u00e8z, ak emosyon . <\/p>\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ofri l sip\u00f2 ou pandan tan sa a. Ede li ak aktivite ki tw\u00f2p pou li. <\/li>\n\n\n\n<li>Pwopoze l pou ale av\u00e8 l nan randevou medikal li yo.<\/li>\n\n\n\n<li>Tande li san w pa eseye di li sa li dwe f\u00e8.<\/li>\n\n\n\n<li>Si li enkyete pou li di fanmi li ak zanmi l sou gwos\u00e8s la, ofri l pou nou di yo sa ansanm.<\/li>\n<\/ul>\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\">Pa Mete Presyon Sou Li<\/h2>\n\n<p>K\u00e8lkeswa desizyon ou panse li ta dwe pran, pa mete presyon sou li \u2014 ni pa f\u00f2se li, ni pa eseye manipile li, tankou di l ou p ap rete av\u00e8 l si li pran yon desizyon ou pa dak\u00f2 ak li.<\/p>\n\n<p>Malgre ou ta dwe pale sou opsyon ki gen rap\u00f2 ak sa ki dwe f\u00e8t apre gwos\u00e8s la, desizyon final la se li k ap pran l. Si ou menm ak patn\u00e8 ou pa dak\u00f2 sou pi bon opsyon an, li ka difisil pou kominike san konfli an pa deraye. Men k\u00e8k kons\u00e8y pou pataje san w pa mete presyon sou li:  <\/p>\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Rasanble enf\u00f2masyon sou chak opsyon pou ou byen enf\u00f2me sou resous ak sip\u00f2 ki disponib yo <\/li>\n\n\n\n<li>Tann li jiskakske li mande w opinyon ou<\/li>\n\n\n\n<li>Pataje enf\u00f2masyon ou yo san konfwontasyon, epi bay li tan pou li reflechi <\/li>\n\n\n\n<li>Eseye f\u00e8 tande l aktivaman \u2014 sa vle di repete sa li di a pou ou asire w ou byen konprann li<\/li>\n\n\n\n<li>Konsidere ch\u00e8che \u00e8d nan men yon twazy\u00e8m pati, tankou yon konseye sante mantal, si ou bezwen \u00e8d pou konv\u00e8sasyon an rete pozitif<\/li>\n<\/ul>\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\">Kisa K ap Pase Pou Ou?<\/h2>\n\n<p>Yon gwos\u00e8s ki pa planifye se pa yon eksperyans ki fasil pou p\u00e8s\u00f2n. Li n\u00f2mal si ou santi ou p\u00e8di, oubyen tankou lavi ki ap p\u00e8di kontw\u00f2l. Pale ak yon moun ki konprann estr\u00e8s sa w ap pase a ki ka ede w. Ch\u00e8che \u00e8d nan men yon konseye oubyen yon ment\u00f2 pou ede w jere santiman ou yo.    <\/p>\n\n<p>Ekri sa w santi yo ka ede w ekl\u00e8si lide w yo, l\u00e8 w santi y ap kouri nan t\u00e8t ou.<\/p>\n\n<h2 class=\"wp-block-heading\">S\u00e8vis Sip\u00f2<\/h2>\n\n<p><a href=\"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/kote-yo\/\">Jwenn sip\u00f2 ou bezwen toupre ou.<\/a> Resevwa enf\u00f2masyon sou tout opsyon ki disponib yo, aprann sou resous yo, epi konekte ak yon ekip ki la pou sip\u00f2te ou. Sant gwos\u00e8s ki nan rezo nou an ofri s\u00e8vis gratis pou ou menm ak patn\u00e8 ou ka jwenn \u00e8d ou bezwen an.   <\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Yon gwos\u00e8s ki pa t planifye ka f\u00e8 w santi tout bagay nan lavi w san kontw\u00f2l. Toudenkou, ou pa s\u00e8ten ki jan lavni ou pral ye, ni kijan w ap pouswiv objektif ou yo. Menm si ou pa ka kontwole sitiyasyon an, ou ka kontwole fason ou jere sitiyasyon an. F\u00e8 ef\u00f2 pou rete trankil epi soutni patn\u00e8 ou pandan tan sa a.   <\/p>\n","protected":false},"author":3,"featured_media":3961,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[139],"tags":[],"class_list":["post-3960","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-gwoses"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3960","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/3"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=3960"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3960\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":3962,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3960\/revisions\/3962"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/3961"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=3960"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=3960"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/floridapregnancysupport.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=3960"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}