Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

A Kisa pou Atann ou Pandan Chak Trimès Gwosès la

Gid Gran sè w Pandan Tout Etap Gwosès La

Kounye a, ou fèk aprann ou ansent — oswa petèt ou te deja gen yon sispèk sa epi ou finalman konfime li. Kit ou santi w pè, eksite, boulvèse, oubyen yon melanj de tout sa yo, ou pa pou kont ou. Gwosès la se yon vwayaj ki gen anpil chanjman, epi li nòmal pou gen kesyon sou sa k ap vini.

Kòm fòm blog gran sè ou, mwen la pou ede w konprann tout trimès gwosès la, sa k’ap pase nan chak etap, kijan ou ka santi w, ak kijan ou ka pran swen tèt ou ak ti bebe pandan chak etap sou wout la. Ann pale vre sou mal maten, kò w k ap chanje, mouvman ti bebe a, ak eksitasyon ki genyen nan konte jouk rive semèn 40 lan.

Epi sonje ke Florida Pregnancy Care Network (FPCN) toujou la pou sipòte w ak tès gwosès gratis, edikasyon, klas pou paran, sipò emosyonèl, ak lòt ankò. Vwayaj sa li inikman pa w, men ou pa oblije fè l pou kont ou.

Konprann Kalandriye Gwosès La

Yo mezire gwosès jeneralman an semèn, depi premye jou dènye règ ou (yo rele sa LMP) — menm si se jiska apeprè de semèn aprè ou te vrèman ansent. Depi dat sa a, yon gwosès a tèm konplè dire apeprè 40 semèn.Yo divize 40 semèn sa yo an twa trimès, e chak trimès gen etap pa li, sentòm pa li, ak chanjman pa li.

.Ann pran yo trimès pa trimès.

Premye Trimès (1–13 Semèn): Yon Ti Kòmansman Avèk Gwo Chanjman

Premye trimès la kòmanse depi anvan w reyalize ou ansent. Lè w resi remake ou pa wè règ ou, kò w deja ap fè gwo chanjman pou sipòte devlopman ti bebe w la.

Kisa k ap pase ak kò w:

Ou ka poko “parèt” ansent, men gen anpil bagay k ap pase pa anndan. ÒMòn tankou pwojestewòn ak hCG parèt, epi kò w kòmanse ap prepare lseryezman pou gwosès la. Se souvan nan peryòd sa a ou konn santi mal maten (byenke li ka parèt a nenptò moman nan jounen an). Ou ka santi tou:

  • Fatig (tankou, fatig“dòmi tou kanpe”)
  • Tete sansib
  • Chanjman imè
  • Gonfleman
  • Pipi souvan
  • Anvi manje oubyen rayi yon manje

Kisa k ap pase aj ti bebe w la:

Ti bebe w la soti de yon ti gwoup selil pou l rive vin yon fetis ki totalman fòme avèk ògán li, manm li, e menm batman kè li nan fen trimès sa a. Nan anviwon 6yèm semèn lan ou ka detekte batman kè a avèk yon ekografi.

Lè l rive nan 13yèm semèn lan, ti bebe w la gwosè yon sitwon epi li deja kòmanse devlope reflèks . Sa etonan, pa vre?

Konsèy gran sè:

Pa twò enkyete w si w poko santi w k ap “briye”. Kalme w, epi bwè anpil dlo, epi toujou kenbe ti goute bòo kote w pou ede w avèk noze a. W ap fè yon travay enpòtan, menm lè w wè ou kouche sou sofa a.

Si w poko fè sa, tse pi bon moman pou konekte wak sant FPCN lokal la. Nou ofri tès gwosès gratis ki pou ede w verifye ke ou ansent pou tout bon, e nou refere w pou swen prenatal pou kapab santi w an konfyans e ke ou gen sipò depi nan kòmansman gwosès la.

Dezyèm Trimès (14–26 Semèn): Pran Ritm ou

Pou anpil fanm, dezyèm trimès la se tankou yon bon moman . Mal maten lan ka diminye, ou reprann enèji w, epi ou ka rekòmanse santi w tankou ou menm ankò. Vant ou ka kòmanse soti, e wi, moun ou pa menm konnen ap kòmanse mande si se gason oubyen fi, byen rapid.

Kisa k ap pase nan kò w:

  • Vant ou ap vin gwo!
  • Mal maten yo kòmanse disparèt (men se pa tout tan)
  • Chanjman po, tankou “briye pandan gwosès”oubyen tach fonse
  • Santi bebe a ap bouje (jeneralman sou 18 a 22 semèn—fò ta di se papiyon oubyen pòpkòn okòmansman)
  • Doulè do ak ligaman won yo pandan matris ou ap vin pi laj la

Kisa k ap pase aj ti bebe w la:

Karakteristik ti bebe a vin pi defini. Sousi, si, ak anprent dwèt yo kòmanse fòme. Anviwon nan 20yèm semèn, w ap gen yon egzamen anatomi (sonografi) pou verifye devlopman tibebe.

Lè dezyèm trimès la fini, ti bebe ou a gen apeprè gwosè yon chou flè epi li ka tande vwa ou. Pale ak vant ou, chante oubyen li pou li se yon bèl fason pou devlope yon lyen ant nou.

Konsèy gran sè:

Pwofite enèji w genyen pou w kòmanse prepare pou sa k’ap vini. Vizite sant akouchman yo, patisipe nan klas sou paranaj oswa akouchman, epi poze tout kesyon ou genyen. FPCN ofri klas pou paran ak mentora endividyèl pou ou ka santi ou enfòme, pare, epi ak bon sipò san w pa santi ou twò chaje.

Nou bay tou èd materyèl tankou rad tibebe, kouchèt, ak lòt nesesite pou prepare pou ti bebe, ou pa dwe yon sous estrès finansye.

Twazyèm Trimès (27–40 semèn): Kòmanse ap Konte

Ou prèske atenn bout chemen an—semèn 40 la paret nan je. Twazyèm trimès la pote anpil eksitasyon, enpasyans, epi, pou n onèt, yon ti jan dekonfò tou. Li konplètman nòmal pou ou santi “M pa ka tann pou m wè ti bebe m lan!” e an menm tan“M bouke ak gwosès sa a!”.

Kisa k ap pase nan kò w:

  • Mal do, pye anfle, ak difikilte pou dòmi
  • W al pi souvan nan twalèt (paske ti bebe a ap peze sou blad pipi ou)
  • Yon ti difikilte pou respire oubyen lestomak brile
  • Kontraksyon Braxton Hicks (se kontraksyon pratik ki vin epi ki ale)
  • Kout pye tibebe a vin pi fò, li deplase pi souvan

Ou pral kòmanse fè plis vizit regilye lakay doktè oswa founisè swen ou pou siveye sante ou ak sante tibebe a pandan semèn 40 la ap pwoche.

Kisa k ap pase ak ti bebe a:

Tibebe a ap pran plis grès, poumon li ap grandi, epi li ap pran pozisyon tèt anba. Nan semèn 36, li ka peze anviwon 6 liv. Lè li rive semèn 40, li ka peze ant 6 a 9 liv, apeprè menm gwosè ak yon ti melon dlo.

Pa enkyete w si ou pase dat akouchman ou—dat sa a se jis yon estimasyon baze sou dènye règ ou. Anpil manman ki ansent pou premye fwa akouche apre 40 semèn

Konsèy gran sè:

Se moman pou w finalize plan akouchman ou, prepare valiz ou pou lopital, epi fè aranjman pou premye semèn yo aprè ti bebe a fèt. Pale ak yon moun ou fè konfyans sou sa ou swete ak sa ou pè pou travay akouchman an. Si ou santi ou boulvèse, FPCN ka ba ou sipò e menm ede w kreye yon plan akouchman senp ki respekte valè ou ak preferans ou.

Fanm ansent k ap chwazi rad tibebe pou mete nan valiz li epi k ap òganize valiz lopital li

Lavi aprè Akouchman: Kisa k Pase Aprè?

Pandan pòs sa a konsantre sou etap gwosès la, li enpòtan tou pou panse ak sa k ap vini apre. Rekiperasyon aprè akouchman, emosyon ki monte desann, epi aprann pran swen yon ti bebe ka mande anpil ajisteman. E sa pa gen anyen mal ladan, w ap aprann, epi ou pa oblije fè l poukont ou.

FPCN ap kontinye ofri sipò li aprè ti bebe a fin fèt, sa enkli:

  • Edikasyon pou paran
  • Referans pou swen aprè akouchman
  • Sipò emosyonèl ak konsèy
  • Materyèl asistans tankou kouchèt, lèt ti bebe, ak rad
  • Koneksyon ak kominote lokal la resous

Ou Pa Janm Poukont ou Nan Vwayaj sa a

Gwosès ka parèt difisil, men ak bon enfòmasyon ak sipò, li ka tounen yon eksperyans ki bay anpil fòs. Chak kout pye, chak anvi manje, chak jou ou konte jiska dat akouchman w lan, se yon pati nan yon eksperyans ki bèl. Kit ou fèk kòmanse oubyen ou prèske rive nan semèn 40 lan, trimès gwosès yo se plis pase etap medikal, se moman fòs, kwasans, ak transfòmasyon.

E pandan tout etap sa yo, Florida Pregnancy Care Network (FPCN) la pou ou. Nou ofri sipò san jijman, sèvis ki adapte ak bezwen ou, epi yon ekip moun ki vrèman pran swen w ak ti bebe w la.

Ou bezwen sipò jodi a?
Jwenn sant FPCN ki pi pre ou isit la epi fè premye pa a pou jwenn swen ak koneksyon ou ka mete konfyans ou ladan. Ou kapab fè sa—epi nou la pou sipòte ou. Sant sipò a louvri 24 sou 24 pou ede w. Ou ka rele, voye mesaj, oubyen tchat.

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.