Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

Sèvis Sipò Gwosès: Resous Lokal

Alo cheri 💕 — kit ou fenk wè de ly woz sa yo oubyen ou te gentan ap panse a nouvèl sa yo pandan yon moman, mwen vle ou konnen yon bagay ki enpòtan: ou pa oblije fè tout sa poukont ou.

Kèlkeswa sa w santi kounye a, ou kontan, ou pè, ou pa sur, sa pa pwoblèm. Gen moun isit la menm nan Florid, ki prè ki pou apiye avèk jantiyès, repons, ak sipò pratik. Ann pale de a kisa sipò gwosès la sanble, epi kòman pou ka jwenn èd ou bezwen an .

Kisa Sèvis Sipò Gwosès la ye?

Sèvis sipò gwosès yo la pou asire ke ou pa janm santi w pèdi oubyen depase. sèvis sa yo totalman konfidansyèl, e souvan totalman gratis. Yo enkli ladan yo bagay tankou:

  • Tès gwosès ak ekografi
  • Swen Prenatal
  • Klas pou paran ak gwoup sipò
  • Èd nan materyèl (daypè, lèt bebe, rad matènite, atik pou ti bebe
  • Konsèy ak sipò emosyonèl

Kidonk, kit ou bezwen yon moun pou pale, oubyen ki pou ede w al nan pwochen randevou doktè a pran liy, sant sa yo ap ba w sipò yo.

Kooòman pou Jwenn yon Èd Gwosès tou prè ou

Youn nan fason ki pi fasil pou antre an kontak ak sipò gwosès lokal la se atravè zouti rechèch lokal .

Jis mete kòd postal ou epi tchecke sèvis ou bezwen yo, tankou sipò gwosès. y ap fè w jwenn yon lis sant ki nan zòn ou yo ki prè pou yo ede w.

Moun k ap travay nan sant sa yo se moun ki gen konpasyon, ki la pou tande, e non pa jije. Kèlkeswa sa w ap afwonte, y ap resevwa w avèk bon swen epi plizyè opsyon, e non pa presyon.

Woman using her phone to search for pregnancy help near her location.

Kilè pou Chèche Èd

Ou pa oblije tann jiskaske ou gen yon gwo kesyon oubyen kriz pou chèche sipò. Ou ka chèche èd nenpòt lè, menm lè se jis pou di, “M pa konn kisa pou m fè lè fini.”

  • Ou pa asire de konbyen tan ou genyen ?
  • W ap plede reflechi ak ki opsyon ou genyen?
  • Ou bezwen yon moun pou pale?
  • Ou bezwen èd pou transpò, gadri ak swen prenatal?

Ann chèche solisyon ansanm. Pwochen etap ou a ka kòmanse jodi a, ak sèlman yon klik: Chèche yon sant èd pou gwosès tou prè w la.

💗 Sipò ki Prè w epi ki Konfidansyèl

Pafwa pati ki pi di a se jis mande èd, men yon fwa ou mande l, tout bagay kòmanse vin parèt pi klè.Ou pa oblije gen tout repons yo kounye a. Ou jis bezwen yon kote pou kòmanse, e se pou sa menm nou la.


Rele, tèks, oubyen tchat avèk nou nenpòt lè , 24/7. Istwa w la enpòtan, e nou la pou akonpanye w pandan tout etap gwosès la.

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.