Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

Gwosès ki Pa Planifye? Konpran Opsyon w Yo

Premyèman, respire pwofon. Lè w aprann ou ansent lè ou pa t espere sa a kapab boulvèsan. Se tankou tout lavi w chanje nan yon sèl moman. Nou konprann, e mwen vle w konnen ke ou pa poukont ou nan sitiyasyon sa a. Kèlkeswa sa w santi nan moman sa a, ou pè, ou pa sèten, oubyen ou pa santi anyen, sa oke. Gen moun ak sant ki prè pou ede w pran desizyon pou pwochen etap yo.

Etap 1: Konfime Gwosès Ou a

Anvan ou pran nenpòt desizyon, li enpòtan pou konfime ke w vrèman ansent. Sant sipò Lokal pou gwosès, tankou sa yo ki nan Florida Pregnancy Support Services Program, ofri tès gwosès gratis ki 100% konfidansyèl.

Etap 2: Konnen Opsyon Gwosès Ou yo

Depi w fin konfime gwosès ou a, ou gen opsyon e sipò ki pou ede w travèse chak grenn etap.

  1. Paran
    • Si w ap panse pou vin paran, ou pa oblije fè sa poukont ou. Sant nou yo kapab konekte w avèk swen prenatal, klas pou paran, e menm ede w avèk atik pou ti bebe tankou kouchèt, lèt ti bebe, epi rad.
    • Anplis de sa, w ap jwenn ankourajman, edikasyon, ak sipò pratik pandan tout etap yo.
  2. Adopsyon
    • Gen kèk fanm ki oblije fè yon plan adopsyon plan, e sa se yon chwa ki mande kouraj tou. Byen ke sant yo pa okipe dirèkteman de adopsyon, yo ka mete w an kontak ak pwofesyonèl adopsyon ki gen lisans ki ap ede w pandan pwosesis la epi ede w konprann tout opsyon w yo, kèlkeswa se yon adopsyon ouvè oubyen fèmen .

Ou pa gen obligasyon pou konn tout bagay jodi a menm. Jis aprann sa ki disponib pou ou se yon gwo pa an avan.

Ki Èd Ou Ka Jwenn (e Wi, Tout Bagay Gratis!)

Men sa ou ka jwenn atravè Florida Pregnancy Care Network:

  • Tès gwosès gratis
  • Ekografi OB limite
  • Konsèy ak edikasyon sou gwosès
  • Preparasyon pou vin parran ak founiti pou ti bebe
  • Referans pou lojman, swen medikal ak sèvis adopsyon
  • Swen prenatal bonè, ki enkli analiz laboratwa (pou moun ki kalifye)
  • Sipò konfidansyèl, san jijman

Kijan pou Jwenn pou Gwosès ki Pa Planifye nan Florid

Konsèy pou W Pase Pwochèn Semèn yo Pi Fasil

  • Ekri sa w ap panse: kesyon, santiman, lis bagay pou fè, sa ede ou mete lòd nan tèt ou.
  • Mennen yon zanmi oubyen yon granmoun ou fè konfyans nan randevou yo, Si ou kapab.
  • Trèt ou ak jantiyès: se yon gwo moman w ap viv, e ou merite swen, konpasyon, ak tan pou w pran bon desizyon pou tèt ou.

Ou Gen Plis Fooòs Ke w Panse

Ou ka santi w pa fin sèten kounye a, men ou pa bloke. Gen sipò, swen, ak chwa reyèl ki disponib, gratis.. Kit ou bezwen èd pratik, yon moun pou pale avè l, oubyen jis yon espas pou reflechi sou sa w ap viv la, sant sipò gwosès Florid yo la pou OU.

Pa gen presyon. Pa gen frè. Se sèlman swen ak konpasyon nan men moun ki vrèman vle ede ou. Ou kapab fè sa—epi ou pa pou kont ou. 💛

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.