Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

Sèvis Ekogafi Gratis: Gid Konplè

Si ou fèk aprann (oubyen panse) ou ansent, tèt ou ka tcho. Youn nan pi bon premye etap ou ka pran se fè yon ekografi. E ou konn sa? Ou ka jwenn li totlaman gratis nan yon sant gwosès toupre ou.

Kisa Egzakteman yon Ekografi Ye?

Panse ak ekografi tankou se gade n ap gade anndan sa k ap pase nan kò ou. Li itilize ond son (pa gen okenn bagay danjere tankou radyasyon) pou verifye si gwosès la ap devlope nòmalman. Li ede pou konnen tou konbyen tan ou genyen depi ou ansent, epi si gen batman kè.

Kilè Ou Ta Dwe fè Youn?

Ou ka fè yon ekografi an jeneral ant 6 a 8 semèn aprè dènye fwa ou gen règ ou. Se nan moman sa a yo ka wè kè a k ap bat, epi founisè swen w la ka estime nan ki dat ou ka akouche.

Gen kèk sant ki ofri swivi ekografi yo an aprè, men premye ekografi yo enpòtan anpil pou konfime detay gwosès yo, epi ede w pran desizyon ak bon jan enfòmasyon.

Kisa ki Pase nan yon Randevou Ekografi Gratis?

Kite mwen montre w ak kisa ou ka atann ou nan randevou a:

  1. Enskrip & Yon ti Pale Rapid– Y ap poze w kèk kesyon sou sante w pou yo kapab byen konprann sitiyasyon w lan.
  2. Eskanè Ekografi a– Yon enfimyèn oubyen yon teknisyen, ki janti e ki resevwa fòmasyon, ap itilize yon ti sond sou vant ou, noubyen yon sond transvajinal si ou nan kòmansman gwosès la, yon fason pou ka genyen yon imaj ki pi klè ke posib.
  3. Revizyon & Konvèsasyon – W ap gen chans pou poze kesyon, w ap kapab gade ekran an, epi y ap eksplike ou kisa yo wè nan yon fason ou ka konprann.

Atann ou ke ou ka pase apeprè 30–45 minit nan randevou a.

Ki Kote Ou Ka Jwenn fè yon Ekografi pou Gwosès Gratis?

Men kèk bon kote ou ka kòmanse chèche:

  • Florida Pregnancy Support Services Program sant yo: Ou ka jwenn yo tout kote nan eta a, epi yo ofri ekografi gratis ak tès gwosès gratis.
  • Depatmante Sante Konte yo: Chache sant kote ou wè yo mansyone “ekografi pou gwosès gratis” sou sit entènèt yo oubyen sou afich yo.
  • Inite ekografi mobil: Wi, genyen kèk klinik ki mennen sèvis la vin jwenn ou! Tcheke evènman lokal oubyen rezo sosyal pou w ka konnen lè yo tou prè zòn ou an.

Kesyon Ki Poze Pi Souvan Sou Ekografi — Ak Repons yo

  • èske li gratis vre? Si w ale nan youn nan sant tankou sa yo ki nan rezo FPSSP ,— wi! Pa gen frè kache, pa gen presyon.
  • Èske m ap resevwa yon foto? Pi fò sant ap enprime pou ou yon bèl ti imaj de ti bebe la pou w ka konsève.
  • Èske li san danje? 100%. 100%. ekografi se yon teknoloji ke y ap itilize sa gen plis ke plizyè dizèn ane, e li totalman san danje pou ni ou menm, ni ti bebe w la.

Konsèy pou Ede ou Prepare w

  • Bwè yon ti dlo anvan randevouw lan, lè blad pipi w plen sa ede teknisyen an jwenn yon imaj ki pi klè, sitou nan kòmansman gwosès la.
  • Mete yon rad ki de pyès pou pa nan bezwen dezabiye w konplètman (li enpòtan pou santi w konfòtab!).
  • Vini avèk yon moun ou fè konfyans, yon zanmi, moun ou nan relasyon avè l la, oubyen manman w, si sa ta fè w santi ke gen moun k ap sipòte w.

Ou pare pou Pran Pwochèn Etap sa a?

Lè w aprann ke ou ansent (oubyen ke gen posiblite pou w ansent) se yon gwo moman. Men konnen sa k ap pase anndan pwòp kò w? Sa se yon bagay ki fò anpil.

Rele yon sant gwosès ki tou prè w, mande yo si yon ofri sèvis ekografi gratis, epi schetou planifye pou pran randevou w la. w ap tounen lakay ou avèk anpi repons epi yon plan.

W ap jere tout bagay trè byen. Epi ou pa poukont ou nan sitiyasyon ou ye la a. 🌸

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.