Nou la pou ou 24/7. Rele liy èd nou an nan 1 (866) 673-4673 oubyen ranpli fòm nou an pou jwenn èd gratis pou gwosès.

Konprann Gwosès ki Gen Gwo Risk: Kisa sa Vle Di & Kòman Pou Rete Sipòte

Si yo di w ke gwosès ou a gen “gwo risk,” premye bagay pou fè, respire pwofon. Mwen konnen mo sa yo ka fè pè, men yo pa vle di ke gen yon bagay ki mal.

Ann detaye sa a ansanm. Yon gwosès ki gen gwo risk vle di doktè w la vle siveye w ansanm ak ti bebe a pi prè, pou asire ke tout bagay ap mache byen. Panse ak sa tankou yon ti lanmou ak yon ti atansyon anplis pou fanmi w k ap grandi 💗

Kisa ki Yon Gwosès ki Gen gwo Risk Vle Di, De tout Fason?

Yon gwosès ki gen gwo risk vle di ou menm ak ti bebe ou a ka gen yon pi gwo chans devlope kèk pwoblèm sante anvan, pandan oubyen aprè ti bebe a fèt. sa pa vle di pral gen konplikasyon, li vle di ekip medikal ou a vle pran plis prekosyon.

Men kèk rezo komen ki fè yo ka konsidere gwosès ouca tankou “a risk”:

  • Ou poko gen 17 an oubyen ou gen plis ke 35 an
  • Ou te gen konplikasyon nan yon gwosès deja (tankou fos kouch oubyen ki fèt avan lè)
  • W ap pote plizyè (Marasa oubyen plis!)
  • Ou gen kèk maladi tankou dyabèt,tansyon wo, oubyen twoub tiwoyid
  • Ou te fè operasyon chirijikal nan matris ou, oubyen nan kòl matris ou
  • Abitid tankou fimen oubyen pran dwòg

[Sous: Mayo Clinic]

Kisa ki Pase si Gwosès Mwen an Gen Gwo Risk?

W ap toujou ale nan randevou pou swivi prenatal ou yo regilyèman, men ou ka bezwen konsilte yon espesyalis tou, tankou yon doktè nan medsin matènèl-fetal (MFM). Yo ka rekòmande w:

  • Ekografi de fason pi regilye
  • Tès laboratwa pou kontwole ou menm ak ti bebe a
  • Tès pou mezire estrès oubyen siveye batman kè ti bebe a
  • Rekòmandasyon sou mòd vi (repo, rejim alimantè, chanjman aktivite )

Objektif la? Asire ke ni ou men, ni ti bebe a an sante e resevwa sipò, pandan tout etap gwosès la.

Sous: ACOG

Pregnant woman reviewing ultrasound with healthcare provider during a high-risk pregnancy.

Kisa pou Fè pou Rete an Sante

Ou gen plis kontwòl sou sa ke w sa w panse a! men kèk mwa mwayen pou ran swen tèt ou pandan yon gwosès ki gen gwo risk:

💬 Ret an kontak ak ekip swen w lan: Pa rate randevou yo, epi pale si w gen yon bagay ke w pa santi ki nòmal
🥦 Nouri kò w byen: Manje ki nitritif, dlo, ak vitamin prenatal ede anpil.
🛏️ Bay repo priyorite: Espesyalman si doktè w la rekòmande ou sa
🧘 Chèche fason pou divèti w: Li nòmal pou santi ansyete, men lè w chèche moman ki kalm, sa ka ede kò w ak ti bebe w la.
📍 Bati yon sistèm sipò: Ou pa oblije pase moman sa yo poukont ou.

Ou bezwen èd pou resous oubyen sipò emosyonèl? Chèche yon sant sipò pou gwosès ki ofri referans, konsèy ak èd pratik.

💗 Ou Pa Poukont Ou

Yon gwosès ki gen gwo risk pa vle di ou fèb pou sa. Sa fè w vin fò, veyatif e pwoaktif. e sa yo se bagay ou ta dwe fyè de yo.

Ki se premye gwosès ou, oubyen se sizyèm ou, ou merite swen, klète, ak konpasyon. Si w bezwen yon moun pou pale oubyen ki pou ede w navige pandan etap k ap vini yo, rele, tèks, oubyen tchat avèk nou nenpòt lè ou vle.

Ou ka jere ti sa, manman. E nou la avè w a chak etap gwosès la. 💕

Ou bezwen pale ak yon moun? Rele, tèks, oubyen Tchat avèk ekip sipò nou yo 24/7. nou toujou la pou ou.

Florida Pregnancy Support Services Program is here to enhance Florida pregnancy resource organizations’ efforts in delivering wellness services, emotional support, and material support.

You're Moments Away From Help

100% Free & Confidential – Receive Pregnancy Help Today.