Lè ou aprann yon zanmi ou ansent, sa ka choke w. Kijan ou ka sipòte li pi byen pandan yon moman ki ranpli ak pè ak dout?.
Jis La Pou Li
Pi bon konsèy la se sa ki pi senp. Zanmi w lan pa t pataje nouvèl la ak ou, an pansan ke w ap rezoud bagay yo pou li. Li jis vle gen yon moun bò kote l pandan l nan sitiyasyon sa a.
Koute li san jijman oubyen san bay konsèy
Ou pa la pou motive l. Pandan ankourajman ka itil, fè atansyon pou ou pa minimize eksperyans li. Li ka santi l depase e konfi sou opsyon li yo, epi li ka poko pare pou l wè pati pozitif sitiyasyon an. Ap gen anpil tan pita pou pozitivite.
Fè li konnen ou la pou li epi ou la pou sipòte li.
Fè w Itil
Zanmi w lan ka gen difikilte pou li konsantre sou lòt bagay ke gwosès la. Anplis de sa, li ka santi l malad e fatige. Ou ka pwopoze ede l fè travay nan kay osoubyen wa mennen li nan randevou li yo.
Pale klè. Pa egzanop, olye w di “Fè m konnen si ou bezwen èd.”, di l: “Èske m ka lave rad ou yo Samdi?”
Fè Rechèch Ou
Lè zanmi w lan pare pou li konsidere opsyon li yo, li ka mande opinyon ou. Prepare w pou ou ka reponn li avèk reyalite, enfòmasyon ki baze sou resous ki disponib, ak done sou opsyon li yo. Pi bon fason pou prepare tèt ou se fè rechèch.
Pale l de Pwogram Florida Pregnancy Support Services. Li kapab jwenn èd ak resous gratis atravè rezo sant gwosès yo. Sant gwosès ki patisipe yo ofri:
- Tès gwosès gratis
- Konsèy
- Edikasyon ak fòmasyon
- Referans bay resous estatal, kominotè ak medikal
- Enfòmasyon sou adopsyon
- Edikasyon sou opsyon yo
Fè li rele yo nan nimewo (866) 673-4673, ranpli konfidansyèlman fòmilè yo sou entènèt, oubyen voye yon imel nan floridapregnancy@optionline.org.
Konesans se pouvwa. Lè ou gen enfòmasyon ki itil, ou montre zanmi w ke ou enterese epi li ka fè w konfyans nan desizyon yo.
Fè li konnen li pa oblije kouri pran okenn desizyon. Li kapab fè premye pa a lè li konfime gwosès la ak yon iltrason atravè Pwogram Florida Pregnancy Support Services.
Lè ou refere li bay yon sous fyab pou swen, l ap konprann ou vle sa ki pi bon pou li.
Nou La Pou Nou Toulède
Rele nou nenpòt lè, 24 sou 24, 7 jou sou 7 nan nimewo 1(866) 673-4673 pou repons ak sipò. Tout apèl yo konfidansyèl.
Sant gwosès nou yo sipòte depi tès gwosès jiska konsèy. Jwenn yon sant tou pre w jodi a.